RISI2018: LA FRANS METE EKIP AJANTIN NAN DEYÒ NAN KONPETISYON AN.

Premye uityèm (8tyèm) final la demare jodi a kote ekip Lafrans lan tap twoke kòn li ak ekip Ajantin nan nan stad kazan Arena, yon match ki fini an favè fransè yo (4-3).

Lafrans rive mete ekip Ajantin nan deyò nan mondyal la (4-3), Antoine Griezmann ta pral make premye gòl match (1-0) la sou penalite nan 13zyèm minit, Angel Di Maria ta pral egalize (1-1)sou yon sipèb frap nan 41nyèm minit, Gabriel Ivan Mercado ta pral make yon dezyém gòl pou Ajantin (1-2), Benjamin Pavard ta pral make yon dezyèm gòl pou fransè yo(2-2), Kylian Mbappe ta pral make yon double (64,68) e met match la (4-2), Sergio Aguéro ta pral make yon twazyèm gòl pou Ajantin nan dènye minit yo 90+3.

Apre match la Javier Mascherano deklare nan mikwo laprès  li fè yon kraze kite sa nan seleksyon ajantin nan.

Apwopo Emmnanuel Hubert

Ou ka gade tou

Le Canada, la Copa América et les questions brûlantes

Le Canada à la Copa América, on y est presque ! Le match de l’unifolié …