AYITI SOSYAL : YON JÈN AYISYEN OUVÈ YON ESTIDYO MIZIKAL POU LI EDE LÒT JÈN KI PA KAPAB YO.

Nan yon konferans pou laprès responsab social mouvement intertrment (SME) bay Jounen mèkredi 18 dawout 2021 an, li prezante sosyete a yon estidyo kote yo ap ka anrejistre mizik.

Pilwen, manadjè gwoup mizikal Bleze one lan fè konnen estidyo sa se pou ede tout jèn ki gen pwojè fè yon mizik men ki pa gen kòb pou ale nan estidyo, li kontinye pou li di estidyo a gratis pou tout jèn ki ta renmen soti yon mizik kèlkeswa sektè ou soti a, ou te mèt te vodouyizan, pwotestan katolik poum site sa yo sèlman.

Bò kote pa li, jèn Ayisyen sa ki se yon militè Ameriken fè konnen se Yon rèv li te genyen depi lontan pou li ede jèn ki nan bezwen, jodi a li nan wout pou li konkretize rèv sa, aprè estidyo a li antame plizyè lòt bagay tankou klèb foutbòl, klèb baskèt li genyen yo lakay li pou kèlkeswa Yon timoun ki ta renmen vin jwe foutbòl oubyen baskèt bòl, li ofri yo opòtinite sa pou yo vini.

Guetz Macena fè konnen li batize zòn pal pi pwòp, li fè konnen li pral fè zòn li an ki se ri panamerikèn enpas Pierre Silly, li di li ap mete tout sal genyen pou li fè zòn li an pi pwòp nan nan petyonvil la.

Ronald Exavier

Apwopo Emmnanuel Hubert

Ou ka gade tou

Ayiti/Eleksyon: San pèdi tan, manm bout KEP yo fòme biwo yo.

Nan mwens ke 24è, apre yo te fin prete sèman e estale kòm manm KEP …