AYITI/ENFRASTIKTI : PON KI SOU RIVYÈ GRANDANS LAN PRÈSKE TONBE

Pon ki sou rivyè Grandans lan prèske tonbe aprè gwo tranbleman tè ki te pase nan peyi a 14 dawout 2021 an, pon sa te kontwi an 1950 sou administrasyon Dumassais Estimé sa vin bay pon an 71 lane depi li konstwi, moun Grandans te rele pon an pon Dumassais Estimé.

Nap raplew, pon Grandans lan se youn nan meyè pon peyi te gen jodi akoz de neglijans leta pon prèske kraze, nap souliye, administrasyon Estimé a te fè pon an nan lide pou te fasilite lòt depatman yo ak kèk komin nan depatman rantre nan vil Jeremi epi pou te évite twòp moun mouri lè dlo a desann, jodi a pon an prèske kraze okenn veyikil paka pase sou pon sa.

Nap raplew, 23 fevriye 2020 jounal nouvelis te soti yon atik pou dekri sitiyasyon pon kòman li te kòmanse an movèz eta mouche leta pat janm fè anyen pou evite tout dega sa.

Nap raplew konstriksyon pon sou rivyè Grandans lan se youn nan pi gwo reyalizasyon Dumassais Estimé te fè pandan pasaj li nan tèt peyi a.

 

Ronald Exavier

Apwopo Emmnanuel Hubert

Ou ka gade tou

Ayiti/Eleksyon: San pèdi tan, manm bout KEP yo fòme biwo yo.

Nan mwens ke 24è, apre yo te fin prete sèman e estale kòm manm KEP …