AYITI/ KATASTWÒF NATIRÈL : PATI POLITIK INI AYITI POTE SIPÒ LI BAY MOUN DEPATMAN GRANDANS AK MOUN DEPATMAN NIP.

Pati politik INI Ayiti ki gen nan tèt li pwofesè Clarens Renois ap pote sipò li bay moun depatman Grandans, Sid ak Nip ki te viktim nan gwo tranbleman tè ki te pase 14 dawout 2021an. Nan jounen vandredi 20 dawout 2021 an, Clarens Renois nimero 1 pati a fè konnen sipò sa pral jwenn dirèkteman (Men nanMen) moun ki vrèman viktim yo.

Yon lòt kote, ansyen jounalis la deklare se yon operasyon yo lanse avèk etidyan, manm, patizan ak senpatizan pati a nan lide pou yo pote sipò yo bay moun ki nan bezwen yo.

Operasyon sa gen de pati ladan li :
Premye pati se pote manje, dlo, kit ijenik ak anpil lòt bagay ankò bay moun ki viktim anba tranbleman tè ki te pase 14 dawout 2021 an.
Dezyèm pati a se yon operasyon k ap fèt de pòt an pòt nan objektif pou yo ka konnen vrè viktim yo.

Orijinè depatman Grandans lan Clarens Renois di se fanm ak timoun ki priyorite yo nan operasyon Men nan Men sa.

Ronald Exavier

Apwopo Emmnanuel Hubert

Ou ka gade tou

Toronto accueille “12e étage” : un théâtre créole en pleine ascension

Toronto, 18 juin 2025 – C’est une œuvre à la fois intime et universelle que …