AYITI/TRANBLEMAN TÈ: MANM NAN POPILASYON AN PIYE PLIZYÈ KAMYON ÈD « FOOD FOR THE POOR » KI TA PRAL NAN GRANDANS.

Plizyè manm nan popilasyon an, nan divès zòn nan depatman Sid ak Grandans piye vandredi 20 dawout 2021 an, 4 kamyon èd òganizasyon « Food For The Poor » ta pral distribiye nan depatman Grandans.

Nan yon nòt òganizasyon « Food For The Poor », mete deyò kondane sak fèt la, responsab relasyon piblik « Food For The Poor » a, Jean Valéry Vital-Herne, presize èd sa yo ta prale nan kèk komin ki plis touche tankou: Abriko, Pestèl, Jeremi ak Zile kayimit.

Nou ap fè remake, chak kontenè sa yo te gen 100 sak diri, 50 sak pwa, 20 kès sosis ak 200 kès dlo epi plizyè materyèl ki kapab travay nan wout.

 

Dieuva Occidor

Apwopo Emmnanuel Hubert

Ou ka gade tou

Ayiti/Eleksyon: San pèdi tan, manm bout KEP yo fòme biwo yo.

Nan mwens ke 24è, apre yo te fin prete sèman e estale kòm manm KEP …