AYITI /KIDNAPIN : DE (2) DOKTÈ KI TE KIDNAPPE YO PEYE POU YO JWENN LIBERASYON YO.

Doktè Chery Hervé, Jinekològ nan lopital DASH, libere vandredi 20 dawout 2021 nan aswè apre nèg ak zam te fin kidnape li mèkredi ki sot pase a nan moman li ta pral asiste yon fanm ansent. Akoz anlèvman jinekològ Chery Hervé a fanm ansent lan ak tout timoun nan te rive pèdi lavi yo, daprè sa responsab lopital la te fè konnen.

Direktè medikal an aprè nan ofis asisrans aksidan travay (OFATMA), doktè òtopedis Workens Alexandre, jwenn liberasyon li tou nan aprè midi vandredi 20 dawout la aprè li fin peye lajan.

Fenomèm kidnaping nan pa kanpe nan peyi e menm apre pasaj tranbleman tè 14 dawout 2021 an. Nou ap fè siyale, malgre anons yon trèv bandi nan zòn rantre Sid kapital la anonse men sa pa anpeche kèk bandi nan lòt zòn kontinye ap taye banda.

Apwopo Emmnanuel Hubert

Ou ka gade tou

Toronto accueille “12e étage” : un théâtre créole en pleine ascension

Toronto, 18 juin 2025 – C’est une œuvre à la fois intime et universelle que …