AYITI/ IMANITÈ: ÒGANIZASYON AVANSMAN NIP (OAN) POTE SOLIDARITE AK MOUN KI VIKTIM NAN DEPATMAN NIP.

Òganizasyon avansman Nip (OAN), remèt jounen samdi 21 dawout 2021 an ak direksyon depatmantal Nip pwoteksyon sivil plizyè lo materyèl pou ede moun ki viktim nan depatman Nip yo nan tranbleman tè 14 dawout 2021 an.

Kòdonatè òganizasyon avansman Nip lan, Jules Andre Sterlin, fè konnen se fason sa li te kapab sipòte moun ki viktim nan tranbleman tè lèl pote sal genyen bay otorite ki plase pou sa yo. Pilwen, Jules Andre Sterlin, ki presize don sa gen ladanl materyèl medikal tankou: « Pard », sewòm, anetsezi, Beki, piki elatriye.

Pou fini, Jules Andre Sterlin, di li rekonèt nan ki difikilte lopital yo se rezon ki fè li pote èd ki kapab ede sove lavi. Pandan li swete otorite nan Leta enplike majistra, kazek ak Azek yo nan kad èd ki ap distribiye yo pou se viktim yo ki benefisye yo.

 

 

Dieuva Occidor

Apwopo Emmnanuel Hubert

Ou ka gade tou

Ayiti/Eleksyon: San pèdi tan, manm bout KEP yo fòme biwo yo.

Nan mwens ke 24è, apre yo te fin prete sèman e estale kòm manm KEP …