Yon lòt sekous tranbleman tè manitid nechèl Richter 4.5, souke aswè dimanch 22 dawout 2021 an Komin Baradè ki nan depatman Nip.
Selon enfòmasyon sal redaksyon Echo Jounal, genyen disponib fè konnen sekous sa ki sekwe komin Baradè a pase aswè a nan lè (8è 21) « 8hrs 21 Pm » nan komin lan. Pou kounye a, redaksyon an poko dispoze okenn enfòmasyon sou dega si l ta anrejsitre.
N ap fè remake, Komin Baradè se youn nan komin ki touche anpil nan tranbleman tè 14 dawout 2021 an, kote yo te konte plis yon dizèn moun mouri.
Dieuva Occidor