DESÈ: SELON PREMYE RAPÒ ANKÈT YO, YO PAT JANM KIDNAPE GUNTHER WIDMAIER JAN PRMYE ELEMAN ENFÒMASYON YO TAP SIKILE A.

Selon enfòmasyon yon sispè ki rele Gabriel Sylvain ke lapolis arete nan kad dosye anlèvman e asasina pitit direktè radio Metropole la Richard Widmaier a « yo pat janm kidnape Gunther Widmaier ».

Selon enfo yo se menm Gabriel Sylvain sa ki te mennen lapolis kote kadav la te antere a. Gunther Widmaier ta mouri nan fimen kokayin kote dòz la ta twò fò pou li e vin koze yon kriz ki ta okazyone lanmò Gunther.

Byen bonè jodi dimanch premye jiyè 2018 la biwo sekretè deta sekirite piblik la soti yon nòt pou la près pou fè konnen yo pat janm kidnape Gunther, e pat gen lajan ki te bay pou te liberel jan premye eleman enfòmasyon yo tap sikile a.

Apwopo Emmnanuel Hubert

Ou ka gade tou

Toronto accueille “12e étage” : un théâtre créole en pleine ascension

Toronto, 18 juin 2025 – C’est une œuvre à la fois intime et universelle que …