AYITI/IMANITÈ: KÒDINASYON DEPATMANTAL MTVAYITI POTE ÈD MEDIKAL BAY VIKTIM YO NAN NIP.

Kòdinasyon depatmantal Nip mouvmam transfòmasyon ak valorisation Ayiti (MTVAYITI), pote èd yo bay plizyè viktim nan depatman Nip aprè pasaj tranbleman tè 14 dawout 2021 an.

Kòdonatè rejyonal Nip lojistik nan MTVAYITI a, e an menm tan prezidan komisyon ijans pòs tranbleman tè 14 dawout 2021 an, Allrich Nicolas, fè konnen kòdinasyon depatmantal MTVAYITI a pran desizyon sa pou te kapab al pote sekou ak moun ki viktim yo nan depatman Nip. Pilwen, Allrich Nicolas, presize yo remèt pou viktim yo 1020 lit sewòm ak pou pi piti 400 bal dlo.

Responsab rejyonal lojistik la Allrich Nicolas, deklare èd medikaman yo te distribiye bay lopital nan Komin Ansavo, Baradè ak Lazil epi dlo yo te distribiye nan komin Titwou Nip ak Ano. Pou fini, li raple se te tout ekip MTVAYITI a nan depatman Nip kite mobilize pou pèmèt èd sa yo te rive jwenn viktim yo.

 

 

Dieuva Occidor

Apwopo Emmnanuel Hubert

Ou ka gade tou

Ayiti/Eleksyon: San pèdi tan, manm bout KEP yo fòme biwo yo.

Nan mwens ke 24è, apre yo te fin prete sèman e estale kòm manm KEP …