AYITI/ TRANBLEMAN TÈ: CHIF MOUN KI MOURI YO PA SISPANN OGMANTE APRÈ YON SEMÈN.

Chif moun ki mouri ak blese nan tranbleman tè samdi 14 dawout 2021 an, pa sispann moute aprè yon semèn depi otorite yo ak bon sitwayen ap etire moun anba bout beton nan depatman Nip, Sid ak Grandans.

Responsab pwoteksyon sivil yo nan direksyon jeneral prezante dimanch 22 dawout 2021 an, fè konnen gen 2207 moun mouri, 334 moun disparèt, 12 268 moun blese epi nan sa ki gen pou wè nan dega 52 923 kay kraze ak 77006 lòt kay andomaje.

Direktè jeneral pwoteksyon sivil la, Jerry Chandeler, presize bilan sa se yon bilan pwovizwa kote ekip sekouris ak sovtaj yo kontinye ap chache moun ki vivan ak sak mouri anba dekonb yo.

 

Dieuva Occidor

Apwopo Emmnanuel Hubert

Ou ka gade tou

Toronto accueille “12e étage” : un théâtre créole en pleine ascension

Toronto, 18 juin 2025 – C’est une œuvre à la fois intime et universelle que …