AYITI/ IMANITÈ: ANSYEN MINIS ENTERYÈ JEAN MARIE RAYNALDO BRUNET POTE ÈD LI BAY MOUN NAN DEPATMAN NIP

Ansyen Minis enteryè ak kolektivite teritoryal yo ki gen sig nan lang fransè (MICT), Jean Marie Raynaldo Brunet, pote èd bay popilasyon nan depatman Nip ki viktim nan tranbleman tè 14 dawout 2021 an.

Ansyen minis enteryè ak kolektivite teritoryal yo Jean Marie Raynaldo Brunet, fè konnen èd sa yo pral kapab distiribiye nan komin ki plis touche yo tankou: Lazil, Ano, Ansavo, Baradè, Titwou Nip, Fondenèg ak komin Tirivyè Nip. Ansyen minis Brunet, mande ak otorite nan Leta pou panse ak seksyon kominal yo ki viktim anpil nan pasaj tranbleman tè a.

Pou fini, ansyen minis Jean Marie Raynaldo Brunet, raple nan èd sa yo li pote dlo, manje, tant pou kapab fè abri pwovizwa pou moun yo ki viktim. Se pandan, li ankouraje tout moun ki gen volonte menm jan ak li pou kontinye pote solidarite yo nan Gran Sid la ki viktim.

Dieuva Occidor

Apwopo Emmnanuel Hubert

Ou ka gade tou

Ayiti/Eleksyon: San pèdi tan, manm bout KEP yo fòme biwo yo.

Nan mwens ke 24è, apre yo te fin prete sèman e estale kòm manm KEP …