ESPÒ/LIGUE 1: MESSI AP JWE PREMYE MATCH LI KONT EKIP REIMS LA.

_Transfere nan PSG depi plis pase yon semèn, Lionel Messi poko janm jwe pou ekip la alòske anpil fanatik ap tann sa. Nan sans sa, sispenns ki te genyen sou kilè Messi ap resi jwe sou koulè mayo ekip kapital peyi Lafrans lan fini. Daprè jounal « l’équipe » nan peyi Lafrans, Ajanten an ta dwe jwe premye match li kont Reims nan 7 jou ankò._

Messi ap nan gwoup ki ap gen pou afwonte ekip Reims lan. Sepandan, sa ka rive li kòmanse sou ban an, men sa ki sèten daprè laprès espòtif nan peyi Lafrans, ansyen atakan Barcelone nan ap jwe kèlke minit.

Lide antrenè ekip la, Mauricio Pochetino se kite Messi sou ban. Daprè li menm, ansyen nimewo 10 Barcelone sot viv yon move pre sezon li poko an aktivite reyèlman. Alòske pou Messi se diferan. « La Pulga » vle retounen jwe pi rapid posib.

PSG kòmanse chanpyona an san Ramos, Neymar, Messi, Donnaruma sepandan, jiskaprezan, yo sou yon bon seri. Sa ki ta lèse kwè ekip la ap byen mache.

Jackson junior Rinvil

Apwopo Emmnanuel Hubert

Ou ka gade tou

Le Canada, la Copa América et les questions brûlantes

Le Canada à la Copa América, on y est presque ! Le match de l’unifolié …