LEMOND/ ESKANDAL: VATIKAN BAY GWO SANKSYON AK YON EVÈK NAN PEYI POLÒY POU AGRESYON SEKSYÈL

Vatikan sanksyone samdi 21 dawout 2021 an, achevèk retrete polonè Marian Golebiewski, ki gen laj 83 lane pou plizyè abi ak agesyon seksyèl sou timoun nan peyi Polòy, daprè enfòmasyon ke nou jwenn nan yon desizyon ki rann kont evèk la.

 » Swit ak ankèt Sen syèj la rive mennen, kote nou retwouve anpil neglijans sou achidyosèz Wroclaw, nan peyi Polòy, kote achevèk Marian Golebiewski nan plizyè ka abi seksyèl sou timoun anpil pè fè », sa nou li nan yon kominike achidyosèz la mete deyò.

Nan menm kominike sa, achidyosèz la raple evèk Marian Golebiewski, te okipe plizyè pòs evèk nan peyi Polòy nan lane 1996 pou rive 2004 li te nan dyosèz  » Koszalin-Kolobrzeg ki twouvel nan Nò Polòy, evèk tou nan Wroclaw ki nan Lwès Polòy sòti 2004 rive lane 2013, pou kounye a ansyen evèk Marian Golebiewski gen gwo entèdiksyon pou egzèse fonksyon piblik epi òdone l pou fè don ak fondasyon katolik yo k ap pwoteje timoun.

Nou ap fè remake, Legliz katolik yo ki gen anpil enfliyans nan peyi Polòy, pa sispann tonbe nan gwo eskandal kote ane pase Vatikan te sanskyone 8 evèk pou zafè zak pedofili ak pedokriminalite.

 

Dieuva Occidor

Kredi foto: AFP

Apwopo Emmnanuel Hubert

Ou ka gade tou

Toronto accueille “12e étage” : un théâtre créole en pleine ascension

Toronto, 18 juin 2025 – C’est une œuvre à la fois intime et universelle que …