YON NOUVO TCHALENDJ ANVAYI REZO SOSYAL YO

Depi plis pase yon semèn, gen yon tchalendj ki vin viral sou tout rezo sosyal yo. Malgre pafwa li lakoz moun blese swa nan nen, nan fontenn osnon nan je sa pa anpeche gen yon pakèt entènòt kap pataje linepi ensite lòt moun pou yo fè li tou._

Yon pil kès aliyen tankou macheskalye ki gen pwent lan ki pi wo pase 2 lòt kote yo. Sa vle di, kès yo aliyen, souvan nan fòm triyang izosèl. Sa konn rive yo jis aliyen yo san yo pa konsidere okenn longè, an tèm egalite sou kote yo sof li gen yo wotè, sa vle di yon somè.

Lè yo fin aliyen li, byen ranje li jan yo bezwen l lan yon moun parèt li kòmanse moute l pou li rive jis anlè nan somè a epi retounen desann nan lòt bò a. Sa rive, swa nan moute osnon nan desann nan kès yo tranble anba pye moun nan epi li blayi sou figi l li.

Gen anpil entènòt ayisyen ki rezime tchalendj sa ak yon aktivite ki danjere anpil, sitou pou ayisyen ki ta anvi fè li. Apwòch moun sa yo li chita sou baz nonsèlman Ayiti pa gen enfrastrikti sanitè, lopital men tou, gen mye kòm aktivite yon moun ka chwazi fè sou rezo sosyal yo.

Jackson junior Rinvil

Apwopo Emmnanuel Hubert

Ou ka gade tou

Ayiti/Eleksyon: San pèdi tan, manm bout KEP yo fòme biwo yo.

Nan mwens ke 24è, apre yo te fin prete sèman e estale kòm manm KEP …