DOSYE JOVENEL MOÏSE : ARIEL HENRY TE PALE NAN TELEFÒN AK JOSEPH BADIO FÉLIX APRÈ ASASINA JOVENEL MOÏSE

Premye minis peyi Dayiti, Ariel Henry  pale ak Joseph Badio Félix, prezime asasen lanmò Jovenel Moïse, anviwon 3 zè apre asasina ansyen chèf Leta peyi a, daprè revelasyon radio métronome_

Ariel Henry te pale ak Joseph Badio Félix, prezime asasen nan lanmò Jovenel Moïse la ant 4è 03 e 4è 20 nan maten, swa 3è detan anviwon apre ansyen chèf Leta a fin asasinen lakay li nan dat 7 jiyè 2021.

Depi apre asasina Jovenel Moïse la, prèske chak jou gen yon nouvo eleman ki parèt nan lopinyon piblik. Dènye a konsène aktyèl premye minis peyi a.

Ariel Henry te pale ak Joseph Badio Félix, prezime asasen Lapolis ap chache nan kad ankèt kap mennen sou lanmò Jovenel Moïse, daprè radyo métronome.

Fas ak sa, gen anpil vwa ki kòmanse leve nan klas politik la pou mande premye minis la pou rale kò li pou li mete li aladispozisyon lajistis.  » Ariel Henry dwe demisyone pou li mete l aladispozisyon lajistis. Jij enstriksyon ki sou dosye a gen randevou avèk listwa », ekri Pascal Adrien sou paj facebook li.

 

Apwopo Emmnanuel Hubert

Ou ka gade tou

Ayiti/Eleksyon: San pèdi tan, manm bout KEP yo fòme biwo yo.

Nan mwens ke 24è, apre yo te fin prete sèman e estale kòm manm KEP …