Minis edikasyon nasyonal la Marie Lucie Joseph nome Madam Delatour nan tèt (UNFP) pou li ranplase li pa ansyèn jounalis radyo Galaxi an Lancie Lainé Isaac ak menm tit la Ki se kònonatris jeneral (UNFP) men madame lan di li pap fè yon pa kita yon pa nago.
Nan yon konferans li bay ak laprès lendi 23 Dawout 2021 an aktyèl kònonatris Pwogram Nasyonal Kantin Eskolè an (PNCS) an fè konnen li pa janm di li siperyè pase lalwa men se paske se sou rezo sosyal li wè lèt la li pat gen okenn kourye ni korespondans Ki te vin jwenn li pou di li tyoula kòl nan tèt bwat lap dirije an.
Wi UNPF ak PNCS se anba kontwòl minis edikasyon nasyonal li ye se minis lan Ki gen dwa nome ak revoke men plizyè fwa chèf kabinè minis lan al fè enstalasyon jounalis Lainé Lancie sa pa janm rive reyalize akoz Delatour di li pap sòti.
Eske se paske krab la pi gra nan PNCS pase UNFP Ki koz tout chire pit sa?
Eske se paske Delatour gen gwo bwa dèyè bannann li Ki koz li pa Vle tyoula kòl?
Sèl sa nou konnen minis lan gen dwa poul nome epi pou li revoke.
Jocelyn Couyoute