LEMOND/POLITIK: RODRIGO DUTERTE ANONSE LI PRAL KANDIDA POU PÒS VIS PREZIDAN PEYI FILIPIN.

Aktyèl prezidan peyi Filipin lan, Rodrigo Duterte, anonse nan lannwit madi 24 dawout 2021 an, ke li pral kandida pou pòs vis prezidan peyi Filipin, malgre lwa nan peyi sa entèdi yon moun pran de (2) manda youn dèyè lòt.

Nan yon mesaj anrejistre ki difize sou plizyè medya nan peyi Filipin, aktyèl prezidan Rodrigo Duterte, anonse li pral kandida pou pòs vis prezidan peyi a.  » mwen pral kandida pou pòs vis prezidan nan eleksyon yo », deklarasyon prezidan Rodrigo Duterte, ki presize genyen pòs sa pral pèmèt li kontinye ak batay li ap fè yo.

Nou ap raple, sistèm elektoral nan peyi Filipin eleksyon prezidan ak vis prezidan yo toujou fèt separe, men li bon pou nou di lalwa nan peyi sa a enpeche yon lidè pran de (2) manda politik youn dèyè lòt.

Dieuva Occidor

Apwopo Emmnanuel Hubert

Ou ka gade tou

Ayiti/Eleksyon: San pèdi tan, manm bout KEP yo fòme biwo yo.

Nan mwens ke 24è, apre yo te fin prete sèman e estale kòm manm KEP …