RISI2018: KORASI JWENN BIYÈ LI POU KA (1/4) DE FINAL APRE VIKTWA LI NANENALITE SOU EKIP DANNMAK LA.

Ekip Korasi a afwonte ekip Dannmak la nan stad Nijni Novgorod ayè dimanch premye jiyè 2018 la nan kad uityèm (8tyèm) de final mondyal la, yon afontman ki fini an favè korat yo nan seyans penalite (3-2).

Depi nan premye minit yo Mathias Jorgensen ta pral ouvri skò a pou ekip Dannmak la, Mario Mandžukič ta pral egalize nan katriyèm minit (4triyèm). Match la ta pral nan seyans penalite akoz pat janm rive gen gòl ankò li te tèmine (1-1) apre san ven (120) minit boul.

Seyans penalite yo ta pral demare nan yon sispens kote tou de (2) ekip yo te rate premye seyans yo, Ekip Korasi rive sove twa (3) penalite e ekip Dannmak la sove de (2).

Korasi pral gen pou twoke kòn li sèt (7) jiyè 2018 avèk ekip Larisi a pou ka (1/4) de final.

 

Apwopo Emmnanuel Hubert

Ou ka gade tou

Le Canada, la Copa América et les questions brûlantes

Le Canada à la Copa América, on y est presque ! Le match de l’unifolié …