AYITI/FOUTBÒL: ASHKANÒV APOLLON KA FÈ GRAN RETOU LI NAN EFEKTIF AYITI KI PRAL JWE POU TRÈV ENTÈNASYONAL LA.

Selon Jean Jacques Pierre Ki se antrenè seleksyon nasyonal peyi dayiti an, Ashkanov Apollon fè pati 23 jwè kap gen pou defann koulè drapo peyi an nan de (2) match Ayiti ap gen poul jwe nan toune yap fè nan kontinan asyatik la.

Elye goch Sam Diego 1904 Fc an Ki pat gen chans jwe gold cup la avèk bikolò an,  jwenn chans li aprè anpil nan jwè ansyen kapitèn seleksyon nasyonal la Jean Jacques te konvoke deside pa vini paske yo chak ta sanble gen yon rezon diferan.
Genyen se pou frè yo dwe yo, gen lòt se pou endisipline, kèk nan jwè kad yo gen pwoblem familyal, bagay yo ta sanble anpil nan men teknisyen ayisyen an.

Si pwovèb la di lapèn malere se jwisans gran nèg ebyen pa asepte ak konvokasyon kèk jwè kad fè plas pou anpil jèn talan parèt tèt yo nan seleksyon nasyonal la.

Pou rapèl Ayiti ap gen poul jwe le 1 septanm ak Bahreïn epi le 4 avèk seleksyon Jòdani an.

 

Jocelyn Couyoute

Apwopo Emmnanuel Hubert

Ou ka gade tou

Le Canada, la Copa América et les questions brûlantes

Le Canada à la Copa América, on y est presque ! Le match de l’unifolié …