SANT KOMÈSYAL MODÈN NAN TABA : YON ESPAS KI PA KONSTUI MENM JAN AK TOUT MACHE NAN PEYI DAYITI

Nan yon konferans pou laprès jounen mèkredi 25 dawout 2021 an prezidan sant komèsyal Taba a, Vincent Jonas ak prezidant FRAPME a, Marie Merzil Lherisson prezante gran piblik la sant komèsyal modèn ki chita kò li nan komin Taba._

Daprè mesye Vincent Jonas, sant komèsyal modèn Taba wè jou gras ak yon gwoup komèsan ki te anba lavil la, men parapò ak koze ensekirite, fatra te pouse komèsan yo mete tèt ansanm pou te konstui sant komèsyal Taba a. »

Nou te vle jwenn yon lòt espas pou nou konstui yon lòt mache, yon sant komèsyal ki reponn ak nòm parasismik yo; ki gen estanda tout mache entènasyonal yo genyen yo », esplike prezidan sant komèsyal modèn nan, Vincent Jonas. »Se lajan ti machann yo ak lajan pa nou ki konstui sant komèsyal modèn Taba a », kontinye prezidan an.

Yon lòt kote, mesye Vincent voye anpil flè pou minis Yanick Merzil Lherisson li prezante kòm yon « icone » nan sektè enfòmè l la.

Madam Yanick Merzil Lherisson bò kote pa li, fè konnen sant komèsyal modèn Taba a se revandikasyon pa li ki pase. « Nou ta swete chak gran vil yo genyen yon estrikti konsa pou ede peyi a devlope. Se sektè enfòmè la ki kenbe peyi a », deklare prezidant FRHAPME.

Jackson junior Rinvil

Apwopo Emmnanuel Hubert

Ou ka gade tou

Ayiti/Eleksyon: San pèdi tan, manm bout KEP yo fòme biwo yo.

Nan mwens ke 24è, apre yo te fin prete sèman e estale kòm manm KEP …