LEMOND/KOWONAVIRIS : PEYI JAPON SISPANN POU PI PITI YON MILYON VAKSEN « MODERNA » AKOZ MALÈZ LI BAY.

Peyi Japon sispann 1, 63 milyon dòz vaksen « Moderna », aprè yo fin dekouvri plizyè kò etranje nan dòz vaksen « Moderna », selon anons otorite japonè fè jounen jedi 26 dawout 2021 an.

Nan yon kominike gwoup famasi nippon Takeda, ki responsab distribisyon vaksen « Moderna » nan peyi Japon, fè konnen plizyè sant vaksen nan peyi Japon siyale yo jwenn plizyè kò etranje nan dòz vaksen « Moderna ».  » aprè konsiltasyon nou sot fè ak ministè sante peyi Japon, nou deside sispann itilizasyon 1,63 milyon dòz vaksen « Moderna » « , selon sa nou li nan kominike gwoup famasi Tekeda.

Gwoup famasi Tekeda, ki responsab distribisyon vaksen « Moderna » mande ak responsab yo nan laboratwa ki pwodwi vaksen « Moderna » kote yo dekouvri 40 « fioles » epi mete sele sou yo.

Dieuva Occidor

Apwopo Emmnanuel Hubert

Ou ka gade tou

Ayiti/Eleksyon: San pèdi tan, manm bout KEP yo fòme biwo yo.

Nan mwens ke 24è, apre yo te fin prete sèman e estale kòm manm KEP …