AYITI/MENAS: PASCALE SOLAGES, LÒT MANM NAN ÒGANIZASYON FEMINIS NÈGÈS MAWON AN E FANMIY YO RESEVWA MENAS EPI SIBI ATAK KI GRAV ANPIL, DAPRÈ NÈGÈS MAWON.

_Òganizasyon feminis NÈGÈS MAWON nan yon kominike ki mete deyò jounen jedi 26 dawout 2021 an, enfòme gran piblik la sou menas kèk manm nan òganizasyon an resevwa, notamman kòdonatris jeneral la, Pascale Solages._

« Òganizasyon feminis NÈGÈS MAWON vle enfòme popilasyon an, depi 11 Jiyè 2021, manm nan òganizasyon, espesyalman kowònadris jeneral la madam Pascale SOLAGES, manm nan fanmiy yo ap resevwa menas e sibi atak ki grav anpil », ekri nan kominike pou enfòme popilasyon an.

Òganizasyon feminis la fè konnen manm òganizasyon an depoze dosye devan otorite Lapolis ak jidisyè yo. »Yon jij tribinal Pòtoprens te angaje pou ekri yon pwosè vèbal pou konstate menas yo ak atak yo, yon plent te depoze nan Direksyon Santral Polis Jidisyè a ak nan pakè tribinal premye enstans lan, » esplike nan kominike a.

Òganizasyon feminis NÈGÈS MAWON pap fè bak nan batay yo ap mennen pou chanje peyi a ak sou koze fanm e tifi nan sosyete a. « Nou rete angaje pou nou se fanm, sitwayen, feminis ki ap batay pou peyi nou ak koz Fanm ak Tifi yo. Nou pap kite yo retire nan men nou dwa nou kòm fanm ayisyen, pou nou pwononse nou sou avni nou, avni peyi nou […] », Konkli kominike a.

Jackson junior Rinvil

Apwopo Emmnanuel Hubert

Ou ka gade tou

Toronto accueille “12e étage” : un théâtre créole en pleine ascension

Toronto, 18 juin 2025 – C’est une œuvre à la fois intime et universelle que …