Atanta ki fèt jounen jedi 26 dawout 2021 an, nan kapital peyi Afganistan, Kaboul, lakoz 85 moun mouri, ladan yo 13 sòlda ameriken ak 165 moun blese, selon yon nouvo bilan ki prezante jounen vandredi 27 dawout 2021 an.
Selon medya nan peyi Afgan yo, atak sa se pi gwo atanta ki fèt depi lè gwoup taliban tonbe ap simen latwoublay nan peyi a kote videyo yo montre plizyè viktim yo k ap benyen nan san yo. Selon Pentagòn, atak sa touye pou peyi Etazini 13 sòlda ameriken epi blese 18 lòt sòlda.
N ap fè remake, gè sivil KI deklanche nan koumansman mwa dawout 2021 an, lakoz pou pi piti 100 mil afgan evakye daprè yon rapò « Washington » mete deyò.