Prezidan ameriken an, Joe Biden, lanse yon avètisman bay responsab atak ayopò Kaboul la nan peyi Afghanistan ki touye pou piti 85 moun, pami yo 13 militè ameriken, selon dènye bilan yo._
« Nap pousache ou epi nap fè ou peye sa. Etazini ap reponn avek fòs epi prezisyon », deklare Joe Biden alankont otè responsab atanta Kaboul yo.
Joe Biden pwomèt la « pouchase » otè atanta yo pandan li fè konnen sòlda ki mouri yo se « ewo ». « Sòlda yo se te yon pakèt ewo ki te angaje yo nan misyon danjere altriyis pou sove lòt vi », soulinye Biden
Sepandan, malgre kritik yo, Joe Biden fè konnen lap respekte dat bitwa kap 31 dawout 2021 pou retire twoup ameriken yo nan peyi Afghanistan.