REVIMAN NAN DOSYE CRISTIANO RONALDO : ATAKAN PÒTIGÈ A SOU WOUT POU LI RETOUNEN NAN MAN UNITED

Anviwon 72 zè medya nan peyi Itali tap anonse vini Cristiano Ronaldo avèk ensistans nan klèb Man City a, poutan, nan yon bat je enfòmasyon yo vin evolye. Atakan Pòtigè a sou wout pou li fè gran retou li nan klèb Man United la.

Negosyasyon ant Cristiano Ronaldo ak Man City pa debouche sou anyen. Daprè Fabrizio Romana se Man United kap prepare yon òf ofisyèl pou ansyen atakan Real Madrid la.

Cristiano Ronaldo, selon Fabrizio Romana, fè Jorge Mendes ki se ajan li konnen li prè pou li ta retounen nan Man United.

Gen posibilite pou Man United pwopoze yon kontra 2 lane ak Cristiano Ronaldo dotan plis se sou sa diskisyon yo ap fèt aktyèlman la.

Jackson junior Rinvil

Apwopo Emmnanuel Hubert

Ou ka gade tou

Toronto accueille “12e étage” : un théâtre créole en pleine ascension

Toronto, 18 juin 2025 – C’est une œuvre à la fois intime et universelle que …