ANGLETÈ/ FOUTBÒL : RETOUNEN NAN MAN UNITED, CRISTIANO RONALDO KA JWE PREMYE MATCH LI KONT NEWCASTLE.

Cristiano Ronaldo se jwè ekip makinyen an. Nouvèl la ofisyalize nan pa twò lontan. Ansyen atakan Real Madrid la retounen lakay li, Man United. Sepandan, kilè gen yon kesyon ki ap poze ki se: kilè Cristiano Ronaldo ap jwe premye match li?

Daprè laprès nan peyi Angletè, atakan Pòtigè a ta dwe jwe premye li ak Man United kont ekip Newcastle la 11 septanm 2021 ki ap vini an nan Old Trafford la aprè poz FIFA a ki ap kòmanse apre jounen chanpyona ki ap fèt wikenn sa.

Cristiano Ronaldo te jwe deja nan Man United soti nan lane 2003 pou rive nan lane 2009 kote li te make 118 gòl pou 192 match li te jwe. Se sou koulè ekip makinyen an li te ranpòte premye Balon Dò nan lane 2018.

Jackson junior Rinvil

Apwopo Emmnanuel Hubert

Ou ka gade tou

Le Canada, la Copa América et les questions brûlantes

Le Canada à la Copa América, on y est presque ! Le match de l’unifolié …