GOUVÈNMAN AN AP FÈ TOUT EFÒ KI NESESÈ POU PÈMÈT RANTRE LEKÒL LA FÈT NAN ZÒN KI TE KRAZE YO », ARIEL HENRY

Premye minis ayisyen, Ariel Henry, detèmine pou rantre lekòl la fèt nan dat ki te prevwa pou sa depi avan tranbleman tè 14 dawout 2021 an. Nan yon twit, chèf gouvènman an fè konnen gouvènman ap fè tout jefò posib pou pèmèt rantre lekòl la fèt nan zòn ki te kraze yo._

Doktè Ariel Henry vle rantre lekòl la fèt nan Gran Sid la nan dat sa te prevwa pou sa depi anvan pasaj tranbleman tè 14 dawout 2021 an. Tout pawòl chèf primati a ale nan sans sa. « M ap pwofite anonse gouvènman an ap fè tout jefò nesesè pou pèmèt rantre lekòl la fèt nan zòn ki te kraze yo », ekri sou kont twitè chèf gouvènman ayisyen an.

« Élèv lekòl yo fisire oubyen kraze yo, prale lekòl menm jan ak lòt yo », rasire premye minis la.

Ariel Henry fè konnen se ak pwòp resous pa yo yo ap rive fè sa. »Piti koulye nou ap rive fè sa ak pwòp resous pa nou », enfòme premye minis ayisyen an.

Daprè ministè edikasyon nasyonal ak fòmasyon pwofesyonèl (MENFP) rantre lekòl la prevwa fèt nan dat 6 septanm 2021 k ap vini la.

Jackson junior Rinvil

Apwopo Emmnanuel Hubert

Ou ka gade tou

Ayiti/Eleksyon: San pèdi tan, manm bout KEP yo fòme biwo yo.

Nan mwens ke 24è, apre yo te fin prete sèman e estale kòm manm KEP …