LEMOND/ DRAM: 11 MOUN MOURI AK PLIZYÈ LÒT DISPARÈT NAN YON AKSIDAN DE (2) BATO NAN YON FLÈV NAN PEYI PEWOU.

Aksidan 2 bato sou flèv amazoni, nan peyi Pewou dimanch 29 dawout 2021 an, lakoz pou pi piti 11 moun mouri ak plizyè lòt disparèt selon yon kominike gouvènman peyi Pewou mete disponib sou dram lan.

 » jiska prezan nou poko ka fin konte kantite disparèt, men gen 11 moun ki mouri ak 6 blese » daprè sa nou li nan yon kominike inite nasyonal pwoteksyon sivil Pewou mete deyò.

Selon enfòmasyon yon medya televizyon Leta ki rele « Tv Perú », fè konnen se de (2) bato youn tap pote moun lòt la t ap pote machandiz al fè kolizyon sou flèv « Huallaga », akoz yon bouya ki te gen sou flèv la youn nan bato yo ki ta prale nan vil « Yurimaguas ».

Selon rapò inite nasyonal pwoteksyon sivil Pewou, mete deyò fè konnen te gen pou pi piti 20 timoun nan bato ki t ap vwayaje yo apèn 4 sèlman ki reyisi naje pou sòti nan flèv la.

Dieuva Occidor

Apwopo Emmnanuel Hubert

Ou ka gade tou

Ayiti/Eleksyon: San pèdi tan, manm bout KEP yo fòme biwo yo.

Nan mwens ke 24è, apre yo te fin prete sèman e estale kòm manm KEP …