AYITI/ ASASINA: MINISTÈ LAJISTIS AP CHACHE DE (2) LÒT SISPÈK NAN LANMÒ JOVENEL MOÏSE LA.

Ministè lajistis ap chache pou kounye a 5 moun ki ta enplike nan asasina ansyen prezidan repiblik la Jovenel Moïse, lakay li nan Pèleren 5, nan lannwit 6 pou louvri 7 jiyè 2021 an.

Nan yon twit minis jistis ak sekirite piblik la ki gen sig nan lang fransè (MJSP), Rock Feller Vincent deklare m ap site: » Rodolphe Jaar ak Samir Handal se 2 fijitif enpòtan Lapolis ap chache nan kad asasina Prezidan peyi a. Nenpòt moun ki ede jwenn yo, Leta ap bal yon prim 4 milyon goud ». Se sa nou li nan twit minis jistis la Rock Feller Vincent.

Nou ap raple, pou kounye a Lapolis ak Lajistis ap chache kou chen fou 5 sispèk nan asasina ansyen prezidan repiblik la ki se Wendell Coq Tellot, Joseph Félix Badio, Jhonn Joël Joseph, Roodolphe Jaar ak Samir Handal kote sou chak tèt sispèk sa yo gen de (2) milyon goud pou moun ki ede jwenn chak.

Dieuva Occidor

Apwopo Emmnanuel Hubert

Ou ka gade tou

Ayiti/Eleksyon: San pèdi tan, manm bout KEP yo fòme biwo yo.

Nan mwens ke 24è, apre yo te fin prete sèman e estale kòm manm KEP …