AYITI/ TRANBLEMAN TÈ : ASOSIYASYON KAZEK NAN DEPATMAN NIP PA PRAN OSERYE DEKLARASYON PREMYE MINIS ARIEL HENRY.

Asosiyasyon kazek depatman Nip yo, di yo pa pran pou serye deklarasyon premye minis ayisyen an doktè Ariel Henry, ki fè kwè tout seksyon kominal nan depatman Nip ki te viktim nan katastwòf tranbleman tè 14 dawout la deja resevwa èd sof komin Gran Boukan.

Nan kad yon konferans pou laprès yo bay jounen lendi 30 dawout 2021 an, nan lokalite Bondo ki nan katriyèm seksyon komin Tirivyè Nip. Sekretè jeneral asosiyasyon kazek Nip yo Borgelin Smith, an menm tan kise kazek premye seksyon « Gerin » komin Baradè, denonse deklarasyon premye minis Ariel Henry, ki te deklare tout seksyon kominal nan depatman Nip yo deja resevwa èd sof sa ki nan komin Gran Boukan, ki pako resevwa èd pal.

Sekretè jeneral asosiyasyon kazek Nip yo Borgelin Smith, ki poze kesyon ak premye minis lan pou konnen kiyès li te remèt èd sa yo ? Pandan li mande ak ministè enteryè pou sispann trete kazek yo tankou moun pòv ki gen pou pi piti 13 mwa depi yo pajanm peye yo epi denonse chantay politik.

Pou fini, sekretè jeneral asosiyasyon kazek Nip yo, swete ak òganizasyon ki ap pote èd yo nan mwa Septanb ki ap vini la pou yo pote èd ki kapab dire epi ede peyizan yo relanse aktivite yo aprè tranbleman tè a.

 

 

Apwopo Emmnanuel Hubert

Ou ka gade tou

Ayiti/Eleksyon: San pèdi tan, manm bout KEP yo fòme biwo yo.

Nan mwens ke 24è, apre yo te fin prete sèman e estale kòm manm KEP …