ZAK VANDALIS NAN OTÈL MONTANA : SENATÈ JOSEPH LAMBERT FÈ KONNEN LI PA GEN OKENN RAPÒ POU WÈ AK SA KI PASE A.

_Yon zak vandalis fèt jounen lendi 30 dawout 2021 nan otèl Montana nan kad yon rankont pou te gen yon akò politik ant plizyè sektè. E non senatè Sidès la site kòm moun ki kache dèyè sa ki fèt la. Senatè Joseph Lambert fè konnen li pa enplike nan sa ki pase a._

« Lendi 30 dawout 2021 an, yon zak vandalis fèt nan otèl Montana a pou kontraye yon egzèsis demokratik », ekri Joseph Lambert sou kont twitè an reyaksyon ak moun ki lonje dwèt li sou yo kòmkwa se li ki ta dèyè sa ki pase a.

« Yo itilize non m ak entelijans komande pou chache ak kiyès vyolans sa pwofite. M kondane pratik sa yo. M chwazi demokrasi », jistifye senatè Sidès la, Joseph Lambert.

Jackson junior Rinvil

Apwopo Emmnanuel Hubert

Ou ka gade tou

Toronto accueille “12e étage” : un théâtre créole en pleine ascension

Toronto, 18 juin 2025 – C’est une œuvre à la fois intime et universelle que …