RISI2018: BELJIK JWENN BIYÈ KALIFIKASYONL POU KA DE FINAL SOU EKIP JAPON AN.

Ekip Bèljik la ki tap afwonte ekip Japon an nan stad Rostov Arena jodi lendi 2 jiyè 2018 la rive fè yon viktwa (3-2) malgre Japon tap mennen (0-2).

Ekip Japon an ta pral ouvè skò a byen bonè nan dezyèm mitan match la, Genki Haraguchi ta pral make nan 48tyèm minit pou Japon epi Takashi Inui tap pral make yon dezyèm gòl nan 52zyèm minit, sa pa ta pral rete la, Jan Vertonghen ta pral redui skò a pou Bèljik nan 69nevyèm minit, Fellaini ki te moute nan plas Mertens ta pral egalize pou Bèljik nan 74zyèm minit epi Nacer Chadli ta pral bal Bèljik viktwa a nan 90+4 minit.

Viktwa sa bay Bèljik aksè pou li al jwe ka de final ak ekip Brezil la.

Apwopo Emmnanuel Hubert

Ou ka gade tou

Le Canada, la Copa América et les questions brûlantes

Le Canada à la Copa América, on y est presque ! Le match de l’unifolié …