_Ayisyano-Japonèz la, Naomi Osaka, nan yon match li t ap jwe lendi 30 dawout 2021 nan aswè kont Marie Bouzkova nan premye tou US OPEN rann omaj ak papa li e Ayiti nan tenis ki te nan pye l la._
Naomi Osaka kontinye ap vann imaj Ayiti e fanmi li nan tounwa tenis yo. Yèswa, chanpyon US OPEN an tit la, Naomi Osaka te mete yon pè tenis ki te gen drapo Ayiti a ak non papa li ladan yo.
Gen youn nan tenis yo ki ekri Léonard ki se non papa li epi drapo Ayiti a plake sou tenis la tou.
Sepandan, nan lòt pye a ki gen lòt grenn tenis la, li gen drapo Japon ladann ak « NY ».
Naomi Osaka te afekte anpil apre pasaj tranbleman tè devastatè 14 dawout la ki te frape Gran Sid peyi.
Jackson junior Rinvil