AYITI/ KIDNAPIN: YON MILYON DOLA AMERIKEN POU LIBERE ATIS « MONEY G ».

Nèg ak zam kidnape ansyen chantè gwoup « Gabel » atis « Money G » nan « Kara 2 » nan komin Taba depi wikenn pase a.

Daprè esplikasyon yon gran frè mizisyen an, ki fè konnen kidnapè yo mande yon milyon dola ameriken pou libere chantè « Money G », ki te rantre nan peyi a pou te vin wè fanmi li. Toujou daprè gran frè atis la, kidanpè yo pa vle rantre nan okenn negosiyasyon sou yon milyon dola ameriken pou libere atis « Money G », ki se yon moun malad ki fenk sot opere nan kè.

Gran frè, ansyen chantè mizik Gabel ki pote tit » Koute kè m lan », ki mande ak mizisyen yo pou pote vwa solidarite yo ak fanmi an nan sousi pou yo jwenn liberasyon atis la.

 

Apwopo Emmnanuel Hubert

Ou ka gade tou

Toronto accueille “12e étage” : un théâtre créole en pleine ascension

Toronto, 18 juin 2025 – C’est une œuvre à la fois intime et universelle que …