AYITI/ASASINA: YON MEDYA KOLONBYEN MOUTRE CHRISTIAN EMMANUEL SANON NAN FOTO AK YON PAKÈT ANSYEN MILITÈ KOLONBYEN.

_Yon medya kolonbyen ki rele LAFM pibliye yon pakèt foto kote yo moutre Christian Emmanuel Sanon, ansyen senatè John Joël Joseph nan foto ak kèk ansyen militè kolonbyen_ .

Nouvo rebondisman nan dosye asasina Jovenel Moïse la. Medya kolonbyen ki rele LAFM pibliye yon seri foto kote yo moutre Christian Emmanuel Sanon ak ansyen senatè John Joël Joseph nan yon rankont ak yon pakèt ansyen militè dominiken.

Ansyen militè sa yo te patisipe nan asasina ansyen chèf Leta ayisyen Jovenel Moïse pèleren 5 nan dat 7 jiyè 2021.

Nan foto sa yo, gen ansyen senatè John Joël Joseph, pastè Gérald Bataille ak Gérard Forges. N ap raple, Lapolis Nasyonal Dayiti ap chache touletwa moun sa yo.

 

Kredi foto: Lafm.

Apwopo Emmnanuel Hubert

Ou ka gade tou

Ayiti/Eleksyon: San pèdi tan, manm bout KEP yo fòme biwo yo.

Nan mwens ke 24è, apre yo te fin prete sèman e estale kòm manm KEP …