AYITI/ ENSEKIRITE: EVAZYON NAN PRIZON SIVIL TIGWAV KAT (4) PRIZONYE MOURI AK NÈF (9) LÒT SOVE.

Evazyon nan prizon sivil Tigwav la, nan lanwit premye (1) pou louvri jounen jedi de (2) Septanb 2021 an, selon premye enfòmasyon yo kat (4) prizonye mouri pandan evazyon nan prizon epi nèf (9) lòt sove.

Selon bilan pwovizwa yo, gen kat (4) nan prizonye sa yo ki mouri nan moman evazyon an epi nèf (9) lòt pou kounye gen kostim mawon sou yo epi gaye nan lanati, daprè enfòmasyon ki disponib sou evazyon sa a.

Nou ap raple, gen anpil nan prizonye ki nan prizon sivil Tigwav la, ki sòti nan prizon sivil Ansavo ki nan depatman Nip ki te oblije deplase 14 dawout 2021 an aprè premye sekous tranbleman tè 14 dawout la, pou te ka al mete yo an sekirite.

Apwopo Emmnanuel Hubert

Ou ka gade tou

Ayiti/Eleksyon: San pèdi tan, manm bout KEP yo fòme biwo yo.

Nan mwens ke 24è, apre yo te fin prete sèman e estale kòm manm KEP …