NIJERYA/KIDNAPIN: NÈG AK ZAM KIDNAPE PLIS PASE 70 ELÈV LEKÒL.

Nèg ak zam nan pati Nòdwès peyi NIJERYA kidnape plis pase 70 liseyen mèkredi 1 septanm 2021. Se dènye kidnaping an dat pami yon seri kidnaping ki vize establisman eskolè yo.

Daprè Lapolis nan peyi Nijerya, nèg ki gen gwo zam lou nan men yo kidnape plis pase 70 liseyen. Asayan yo anvayi lise a nan maten ki chita kò li nan eta Zamfara e kidnape 73 elèv, daprè pòt pawòl Lapolis Leta a nan yon kominike.

« Kidnaping nan fèt apre nèg ak zam fin antre nan lekòl la », deklare pòt pawòl la Mohammed Shehu ki pwofite presize Lapolis ak lame ap travay pou kapab libere otaj yo.

Nan zòn Nò peyi Nijerya a ap fè fas depi yon bon moman ak anpil vyolans, twoub sekiritè, piyaj ak kidnaping. Sepandan, dènye semèn sa yo sityasyon an vin pi malouk e sa lakoz pouvwa an plas la ap resevwa yon pakèt kritik kòmkwa yo enkapab mete lòd nan zòn Nò sa kote nèg ak zam ap sèl kòk chante, rapòte France 24.

 

Jackson junior Rinvil

Apwopo Emmnanuel Hubert

Ou ka gade tou

Ayiti/Eleksyon: San pèdi tan, manm bout KEP yo fòme biwo yo.

Nan mwens ke 24è, apre yo te fin prete sèman e estale kòm manm KEP …