AYITI/ POLITIK: PREZIDAN SENA REPIBLIK LA MANDE POU GEN YON EGZEKITIF AK DE (2) TÈT.

Prezidan sena ki pap fonksyone a Joseph Lambert, fè konnen yon egzekitif ak de (2) tèt se sèl mwayen pou ede rezoud kriz aktyèl la nan peyi a. Senatè Sidès la, fè deklarasyon an nan yon konferans pou laprès jounen mèkredi premye (1) Septanb 2021 an.

Senatè Joseph Lambert, kontinye ap mande ak aktè politik yo pou pran chemen dyalòg, pandan li prezante tèt li kòm moun ki kapab ede rezoud kriz peyi a ap fè fas la.  » Ayiti dwe yon peyi dyalòg toutan », deklarasyon aktyèl prezidan Sena repiblik la Joseph Lambert, ki kontinye ajoute yon egzekitif ak 2 tèt se sèl vwa pou swiv paske daprè li se sa konstitisyon an rekonèt.

Pou fini, senatè Lambert, ki kwè kriz aktyèl la kapab tou yon opòtinite ke nou pa dwe kite peyi a nan men moun ki pakab dirije peyi a, si li pa yon bon moun ki ka rasanble moun.

 

Dieuva Occidor

Apwopo Emmnanuel Hubert

Ou ka gade tou

Ayiti/Eleksyon: San pèdi tan, manm bout KEP yo fòme biwo yo.

Nan mwens ke 24è, apre yo te fin prete sèman e estale kòm manm KEP …