LEMOND/ KATASTWÒF : OURAGAN IDA TOUYE PLIZYÈ MOUN NAN PEYI ETAZINI.

Ouragan Ida, ki pase nan peyi Etazini pandan semèn lan fè gwo dega nan peyi Etazini lakoz 22 moun mouri nan Eta Nouyòk ak Nou Jèze, selon  » National Weather Service ».

Pandan pasaj ouragan Ida  22 moun mouri  nan lannwit mèkredi pou louvri jedi 2 Septanb 2021 an nan Eta Nouyòk Ak Nou Jèze avèk gwo rafal van, tònad ak inondasyon ki mete 2 Eta sa yo anba eta ijans jedi 2 Septanb lan.

Kat (4) fanm, 3 gason ak yon tigason 2 lane mouri nan 5 inondasyon nan Nouyòk Siti, nan Eta Nou Jèze, 14 lòt moun mouri, pami yon 5 ladan t ap viv nan konplèks « Oakwood Plaza Apartmens epi yon lòt kadav yo dekouvri nan « Passaic ».

Gouvènè Eta Nouyòk la, Kathy Hochul, fè konnen nan mikwo jounal « NBC News », otorite yo ap travay pou kapab evalye dega yo pou konnen ki valè dega ouragan Ida fè nan Eta Nouyòk.

Responsab metewoloji nan medya « NBC News » la, Bill Karins, ki presize « Central Park ak « Newark », nan Eta Nou Jèze, yo resevwa plis pase 5 cm dlo lapli nan inè tan (1è) yon rekò ki pat janm konn fèt.

Dieuva Occidor

Kredi foto:nbc

Apwopo Emmnanuel Hubert

Ou ka gade tou

Ayiti/Eleksyon: San pèdi tan, manm bout KEP yo fòme biwo yo.

Nan mwens ke 24è, apre yo te fin prete sèman e estale kòm manm KEP …