AYITI/ TRANBLEMAN TÈ: YON BANN MOUN MOURI, AK ANPIL LÒT DISPARÈT EPI ANPIL MOUN BLESE, SE BILAN PWOVIZWA TRANBLEMAN TÈ A NAN DEPATMAN SID.

Otorite depatmantal pwoteksyon sivil nan depatman Sid yo, nan yon rankont ak laprès prezante jounen jedi 2 Septanb 2021 an, nouvo bilan katastwòf tranbleman tè 14 dawout 2021 an.

Kòdonatè depatmantal pwoteksyon sivil Sid la, Sylverard Guillaume, fè konnen yo anrejistre 1838 moun mouri, 195 lòt disparèt, 9158 moun blese, 30 122 kay kraze, 42 737 kay andomaje, 72 859 fanmi sinistre, 11 853 kit distribiye, 4577 prela distribiye, 19 enstitisyon sanitè kraze ak 14 enstitisyon piblik andomaje, daprè deklarasyon kòdonatè depatmantal pwoteksyon sivil Sid la Sylverard Guillaume, ki presize komin plis touche se Kanperen ak komin Okay.

Kòdonatè (DPC) Sid la, Sylverard Guillaume, ki sonnen alam nan zòrèy otorite nan Leta santral pou voye je gade Sant Operasyon Ijans Depatmantal ki gen sig nan lang fransè (COUD) Sid la, ki vid tankou yon boutèy paske tout aksyon yap poze se nan fon pèsonèl yo.

Dieuva Occidor

Apwopo Emmnanuel Hubert

Ou ka gade tou

Ayiti/Eleksyon: San pèdi tan, manm bout KEP yo fòme biwo yo.

Nan mwens ke 24è, apre yo te fin prete sèman e estale kòm manm KEP …