DEPLWAMAN GANG YO NAN LARI PÒTOPRENS : STEVEN BENOÎT MANDE ARIEL HENRY POU LI REMÈT DEMISYON LI

Nan jounen mèkredi 2 septanm 2021 an, anpil gwoup gang te nan lari Pòtoprens. Sityasyon sa te lakoz gen moun ki mouri ak moun ki blese. Endinye, ansyen senatè Lwès la, Steven Benoît, mande Ariel Henry pou li fè yon kraze kite sa nan tèt primati a._

« Mesye premye minis defakto, apre demonstrasyon gang Leta yo, li lè pou ou kite sa », ekri Steven Benoît sou kont twitè li ki, pi lwen, fè Ariel Henry konnen « viktim yo ak popilasyon an ap tann ti jès sa patriyotik sa ».

Ansyen kandida pou pòs prezidan an, Steven Benoît rete kwè Ariel Henry se pa moun ideyal ki pou ap mennen bak peyi a apre demonstrasyon gang yo nan lari Pòtoprens. » Ou pa kapab », ekri Steven Benoît.

 

Apwopo Emmnanuel Hubert

Ou ka gade tou

Ayiti/Eleksyon: San pèdi tan, manm bout KEP yo fòme biwo yo.

Nan mwens ke 24è, apre yo te fin prete sèman e estale kòm manm KEP …