AYITI/ SOS : RADYO « QUINA FM » MANDE SOLIDARITE TOUT MOUN POU LI KAPAB RETOUNEN FONKSYONE APRÈ TRANBLEMAN TÈ A.

Radyo « Quina Fm », ki nan Komin Fondenèg, depatman Nip kite viktim nan tranbleman tè 14 dawout 2021 an, kònen lanbi solidarite nan zòrèy tout moun pou pèmèt li retounen fonksyone.

Nan yon entèvyou, direktè radyo  » Quina Fm » lan, k ap fonksyone sou (90.7 Fm) Rémy Rigueur, fè konnen katastwòf 14 dawout 2021 an sakaje divès materyèl pou enstitisyon an. Selon esplikasyon Remy Rigueur, tranbleman tè a kraze yon bon pati nan lokal radyo, plizyè laptòp pou , mikwo ak emetè radyo a kite viktim pandan tè a tap souke a.

 

 

 

 

 

 

 

Konfrè jounalis la, ki fè konnen pou kounye a radyo « Quina Fm », k ap fonksyone nan yon kizin depi aprè tranbleman tè mande konkou tout moun pou pèmèt radyo a kapab tounen al fonksyone nan espas li. Pilwen, Remy Rigueur, ki pwofite mande ak tout zanmi kapab ofri radyo « Quina Fm » tout kalite èd tankou: mikwo, emetè, miksè, ak yon jeneratris epi mwayen ekonomik pou kapab pèmèt resous moun yo kontinye fonksyone.

Manm kòporasyon Rezo Jounalis Nip (RJN), Asosiyasyon Jounalis Nip (AJNI) an, di tout moun ki enterese yo kapab rantre an kontak avèk li nan nimewo sa kise: (+509) 3752 60 53, pou kapab ede radyo « Quina Fm » rekanpe.

Dieuva Occidor

Apwopo Emmnanuel Hubert

Ou ka gade tou

Ayiti/Eleksyon: San pèdi tan, manm bout KEP yo fòme biwo yo.

Nan mwens ke 24è, apre yo te fin prete sèman e estale kòm manm KEP …