AYITI /POLITIK : GWOUP GANG AP SIMEN LATWOUBLAY, ARIEL HENRY PA DI YON MO

Gwoup nèg ki gen zam nan men yo achte lari Pòtoprens lajan kontan depi anviwon plizyè jou. Se yo ki bay dizon yo lè pou gen sikilasyon ; lè pou aktivite ekonomik yo reprann nan anpil katye nan rejyon metwopolitèn nan. Yo ap tire san yo pa gen okenn laperèz pou pèsòn se tankou peyi a pa te gen ni otorite ni Lapolis ni Lajistis.

Pandan tout deblozay sa yo, lari bloke, katouch ap tire tribòpabò, moun ap mouri, moun ap blese, chèf gouvènman ayisyen pa di yo mo. Ariel Henry ki gen monopòl vyolans legal la nan men li nan sosyete a chwazi kite nèg ak zam ap simen latwoublay nan rejyon metwopolitèn nan.

Alòske anpil moun te sonje premye minis ayisyen an, Ariel Henry te di li gen pouvwa pou fè menm lagè tèlman li gen pouvwa epi anba bab li ; anba je li la gwoup gang yo kontwole anba lavil la epi li pa fè anyen.

Gen moun ki panse se fè li pa ka fè ; gen sila ki panse se vle li pa fè men sa ki sèten nèg ak zam yo ap pede teyorize popilasyon an pandan Ariel Henry pa janm di yon mo.

 

Apwopo Emmnanuel Hubert

Ou ka gade tou

Ayiti/Eleksyon: San pèdi tan, manm bout KEP yo fòme biwo yo.

Nan mwens ke 24è, apre yo te fin prete sèman e estale kòm manm KEP …