Kolonbi elimine nan mondyal la apre defèt yo devan ekip anglè a nan seyans penalte (3-4) nan kad match uityèm (8tyèm) de final yo.
Kolonbi te kanpe an 4-3-1-2, Angletè te an 3-1-4-2. Harry Kane ta pral ouvè skò a nan senkann setyèm (57′) minit sou penalite, Yerry Mina ta pral egalize pou kolonbyen yo nan 90+3 minit. Match la ta pral fini (1-1) apre 120 minit boul.
Ekip anglè a ta pral jwenn kalifikasyon li nan seyans penalite kote yo make kat (4) penalite kont twa (3) pou Kolonbi.