ESPÒ/US OPEN :NAOMI OSAKA, CHANPYON DÈNYE EDISYON AN, ELIMINE NAN TWAZYÈM TOU

Gen yon evenmen ki rive nan US OPEN nan vandredi 3 septanm 2021 nan nan lannwit  bò kote medam yo. Chanpyòn an tit la, Naomi Osaka, elimine nan twazyèm tou kont jwez kanadyèn 18 lane a Leyla Fernandez._

Ayisyano-Japonèz la pap ka konsève kouwòn li nan US OPEN nan. Leyla Fernandez mete NAOMI OSAKA deyò nan tounwa a (5-7;7-6[2];6-4)

Laprès entènasyonal nan zafè espò, patiklyèman tenis pale sou pwoblèm mantal Naomi Osaka ta ap fè fas. Yèswa piblik la te sifle li pandan match la, men se pa te sa ki te sousi a an reyalite, li te jis pa tap jwe ak kè li.

« M ap pran yon poz », deklare chanpyòn US OPEN an tit la apre defèt li kont kanadyèn Leyla Fernandez ki gen sèlman 18 lane sou tèt li.

Jackson junior Rinvil

Apwopo Emmnanuel Hubert

Ou ka gade tou

Le Canada, la Copa América et les questions brûlantes

Le Canada à la Copa América, on y est presque ! Le match de l’unifolié …