AYITI/ ESPÒ: KOMITE MIRAGWÀN ASOSIYASYON BASKÈT REMÈT AK LAMERI TRAVAY REYABILITASYON NAN TÈREN BASKÈT MIRAGWÀN LAN.

Komite Miragwàn Asosiyasyon Baskètbòl ki gen sig nan lang fransè (MAB), ki te sou pwojè reyabilitasyon tèren baskèt nan « Fort-Reflechir » ki nan komin Miragwàn, remèt ak La meri Miragwàn jounen samdi 4 Septanb 2021 an kle travay reyabilitasyon tèren baskèt la.

Nan yon seremoni manm komite Miragwàn Asosiyasyon Baskètbòl (MAB)òganize samdi kat (4) Septanb 2021 an sou tèren baskèt la ki nan « Fort-Reflechir », responsab finansye nan (MAB) la, Marvens Coicou, fè konnen pou te kapab fè travay pase men nan tèren baskèt la, yo te lanse yon pwogram solidarite yo te rive ranmase twasan kenz mil katreven sèt goud katreven kat santim (315 87,84) ak twa mil sis san swasant onz dola ameriken senkant sis santim (3671, 56). Pilwen, Marvens Coicou, ki presize aprè tout depans yo te rete trant de mil kat san katreven sèt goud ( 32 487) epi remèt chèk rès lajan an ak Lameri Miragwàn.

Prezidant konsèy komisyon minisipal enterimè Miragwàn lan Anne Myriame Loiseau, montre kè kontan li pou travay reyabilitasyon Miragwàn Asosiyasyon Baskètbòl (MAB) reyalize sou tèren baskèt « Fort – Reflechir » a, kise yon jès sitwayen daprè deklarasyon chèf komin lan, ki kwè se pa toutan pou rete tann Leta se pou kèk fwa sitwayen yo pote kontribisyon pa yo. Majistra Loiseau, ki bay garanti Meri a pral fè tout sak posib pou kenbe tèren baskèt la pwòp epi mete estrikti pou moun k ap gen pou vin itilize espas la.

Pou te kapab repare tèren baskèt « Fort-Reflechir » a, manm Miragwàn Asosiyasyon Baskètbòl yo (MAB), fè konnen yo repare espas tèren pou moun jwe a, pentire l, mete de (2) panye baskèt estanda entènasyonal, pentire espas pou fanatik chita epi yo repare baryè ki te nan rantre tèren an.

 

Dieuva Occidor

Apwopo Emmnanuel Hubert

Ou ka gade tou

Ayiti/Eleksyon: San pèdi tan, manm bout KEP yo fòme biwo yo.

Nan mwens ke 24è, apre yo te fin prete sèman e estale kòm manm KEP …