AYITI/ENSEKIRITE: « ENSEKIRITE PRAN PEYI A, ALÒSKE YO TE DI DEPI JOVENEL MOÏSE ALE TOUT PWOBLÈM AP REZOUD « , MATHIAS PIERRE.

_Mathias Pierre, ansyen minis sou administrasyon Jovenel Moïse, kritike fason peyi a ap dirije apre asasina ansyen chèf Leta a. Nan yon twit ansyen kandida pou pòs prezidan an fè, li fè konnen ensekirite pran peyi a alòske yo te di depi Jovenel Moïse ale tout pwoblèm ap rezoud_

Ansyen bra dwat Moïse Jean Charles ki, palaswuit, pral kite ansyen senatè Nò a pou l ap jwenn PHTK li te konn kritike anpil, Mathias Pierre pa dakò ak jan peyi a vin ap dirije apre asasina ansyen prezidan l. « Prezidan Jovenel Moïse mouri yo pa vle fè eleksyon nan 120 jou konstitisyon an bay la. Ensekirite pran peyi a alòske yo te di depi Jovenel Moïse ale tout pwoblèm ap rezoud », ekri ansyen minis ansyen delege bò kote premye minis la ki responsab pou diskite zafè elektoral ak relasyon avèk pati politik yo.

Mathias Pierre, pi lwen, fè konnen li poko wè fòmil pou yo mete yon prezidan 2 mwa apre. « M poko wè fòmil pou yo mete yon prezidan 2 mwa apre a. Ankèt sou asasina Jovenel Moïse la pran yon ti pov. N ap swiv », Mathias Pierre.

 

Apwopo Emmnanuel Hubert

Ou ka gade tou

Toronto accueille “12e étage” : un théâtre créole en pleine ascension

Toronto, 18 juin 2025 – C’est une œuvre à la fois intime et universelle que …