ESPÒ/FOUTBÒL: ROMEO, PITIT GASON DAVID BECKHAM, SIYEN PREMYE KONTRA PWOFESYONÈL LI.

_Alòske li apèn gen 19 lane sou tèt li, Romeo Beckham, youn nan pitit gason pitit gason David Beckham siyen premye kontra pwofesyonèl li samdi 4 septanm 2021 an kote li angaje l ak Fort Lauderdale CF, ekip rezèv Inter de Miami a._

Ansyen jwè Real Madrid ak Manchester United la, David Beckham ki gen 46 lane sou tèt li gen privilèj wè pitit gason l, Romeo, siyen premye kontra pwofesyonèl li nan foutbòl la.

Daprè medya ameriken yo, Romeo se yon jwè polivalen ki bezwen jwe anpil match pwofesyonèl pou l kontinye amelyore li chak jou pi plis.

Romeo Beckham, angaje l ak klèb fort Lauderdale CF, ekip rezèv Inter Milan ki se klèb David Beckham. Fort Lauderdale CF ap evolye nan USL League one (D3) nan peyi Etazini.

 

Kredi foto: Marca.

 

Apwopo Emmnanuel Hubert

Ou ka gade tou

Le Canada, la Copa América et les questions brûlantes

Le Canada à la Copa América, on y est presque ! Le match de l’unifolié …