AYITI POLITIK : GEN YOUN NAN 10 SENATÈ YO KI PA DAKÒ AK CHWA JOSEPH LAMBERT KÒM PREZIDAN.

Nan yon deklarasyon senatè anfonksyon Patrice DUMOND di PP fè pandan li tap patisipe nan yon emisyon nan yon estasyon sè nan Kapital la, li esprime dezakò li avèk chwa prezidan tirès senatè a nan sena kòm moun ki pou mennen bak peyi a.

Joseph Lambert konnen sa lap fè a pa legal li pa konstitisyonèl paske li pa gen okenn pwovizyon legal pou li ta vin prezidan peyi a selon lalwa, deklare Senatè Patrice DUMOND.

Pilwen pwofesè inivèsite a jistifye sa li di a nan atik 116 konstitisyon 1987 la pou li fè kwè Papa tounen pa gen pwovizyon legal pou li ta vin prezidan peyi sa paske selon menm atik sa ki se atik 116 konstitisyon an di si pa gen 2 tyè sou 30 senatè nan Sena yo pap ka pran okenn rezolisyon, yo pa ka angaje peyi a nan anyen toujou deklarasyon Patrice DUMOND.

Anrevanch, Senatè Joseph Lambert ki jwenn sipò yon gwoup moun nan popilasyon di se prezidan tirès senatè yo nan Sena ki lejitim ki pou ta ranplase prezidan Jovenel.

Ronald Exavier

Apwopo Emmnanuel Hubert

Ou ka gade tou

Ayiti/Eleksyon: San pèdi tan, manm bout KEP yo fòme biwo yo.

Nan mwens ke 24è, apre yo te fin prete sèman e estale kòm manm KEP …